Plizyè ekonomis, antreprenè ak òmdafè akeyi ak optimism e satisfaksyon rezilta Konferans Donatè ki sòt dewoule pandan 2 jou nan kapital federal ameriken an. Nan fowòm sa a, peyi ak enstitisyon ki bay kredi yo pwomèt pou yo mete 1 milya 85 milyon dola aladispozisyon Ayiti. Men ekonomis ayisyen yo di fòk responsab yo di popilasyon an ke lajan sa a poko nan peyi dAyiti.
Klike sou lyen anlè a pou n' koute korespondans Rotchild François Jr. a.
Jedi, gouvènman ameriken an te felisite tout peyi ak òganizasyon ki pèmèt Konferans donatè Entènasyonal sou Ayiti a tounen yon gwo suksè. Pòtpawòl Depatman Deta a, Richard Boucher, raple angajman patisipan yo pou mete 1 milya 85 milyon dola a dipozyon gouvènman pwovizwa ayisyen an. Daprè Misye Boucher, lajan sa a pral ede Gouvènman an rekonstwui enfrastrikti peyi a, remete sou pye administrasyon piblik la e prepare eleksyon nasyonal 2 mil 5 yo.
Yon lòt bò, Pòt pawòl Depatman Deta a di gras a yon gwo jefò plizyè sektè nan Kominote entènasyonal la, angajman pou ede rekonstwi Ayiti a depase "de" 161 milyon dola montan lajan Plan Kowoperasyon enterimè 2 zan gouvènman ayisyen an ak donatè entènasyonal yo te prepare pou devlopman Ayiti a. Msye Boucher kontinye pou l di Etazuni kwè angajman donatè entènasyonal yo mete ak patisipasyon sektè prive a, dyaspora a e ak bon jesyon ti resous ki disponib yo, Ayiti pral genyen stabilite, yon bonjan gouvènman e faktè sa yo pral ede amelyore lavi pèp aysyen an.