Jounal ameriken Washington Post pibliye on editorial lendi ki fè konnen menm si sityasyon an kòmanse ameliore ann Ayiti, kondisyon la vi a toujou difisil nan peyi sa a a koz sa jounal la rele mank konsistans nan efò komunote entènasyonal la.
Jounal la fè remake 200 milion dola èd Etazini pwomèt Ayiti a pandan 2 ane kap vini yo, se yon montan ki pi ba anpil pase lajan gouvènman ameriken an depanse nan Afghanistan e nan Iraq.
Pou plis nouvèl sou Ayiti, klike sou lyen anlè a.