Nan moman kominote entènasyonal la ap chache fason pou li ede Ayiti reyisi tranzisyon politik la e lanse pwojè devlòpman ki nesesè pou popilasyon an, plizyè responsab nan klas politik ayisyèn nan deklare fòk gouvènman pwovizwa a pa tonbe nan menm lòbèy yo te twouve yo anba rejim Lavalas la, kote lajan èd te fè wout kwochi, lè te gen èd dirèk pou gouvènman an. Korespondan nou nan rejyon Sid Ayiti, Jn-Ernst Eliscar, gen kèk reyaksyon.