Accessibility links

Breaking News

Rankont ak Twa Pastè Batis Ayisyen ki Ozetazini - 2004-07-19


Sou inisyativ Madam Evelyne Marseille, yon gwoup ansyen manm la jenès Première Eglise Baptiste Rue de La Réunion, nan Pòtoprens, rankontre tou lè 2 zan, nan diaspora a, pou yon pwogram ki onore, antwòt, memwa defen pastè Ruben Marc, yon pyonye nan kongregasyon sila a. Pou ane 2004 la, yo te kase randevou nan kapital amerikèn nan e yo te vizite Sèvis Kreyòl Vwa d’Lamerik la.

Rev. Renaud Dumont, Raymond Tattegrin ak Marcel Sinclair se twa pami yon karantèn ansyen jèn legliz la nou te gen okazyon rankontre nan Sèvis Kreyòl la. Tankou nou kapab tande li nan edisyon Paj Relijyon an pou jodi a, yo gen plizyè lane depi y'ap milite nan lèv evanjelik nan eta New Hampshire ak Florid.

XS
SM
MD
LG