Accessibility links

Breaking News

Virus VIH  ak Maladi  Sida Genyen Gwo Konsekans Sou Mache Travay la - 2004-07-12


Òganizayon Entènasyonal travay la (OIT/OET) estime 36 milyon 500 mil moun ki nan laj pou antre sou mache travay la enfekte ak virus VIH la--virus ki pwovoke maladi sida a. Dapre OIT, rive ane 2005 , sida pral touye 28 milyon ouvriye depi aparisyon li nan ane 80 yo. Òganizasyon Entènasyonal Travay la di tandèm VIH/SIDA a se youn nan pi gwo kòz mòtalite nan milyeu ouvriye a. Li estime pou rive ane 2010, VIH ak Sida pral touye 48 milyon travayè e rive nan ane 2015--si gouvènman yo pa ba viktim yo plis mwayen pou yo jwenn swen ak tretman--se 74 milyon ovriye pandemi an pral pote ale.

Ekspè ki prepare rapò sa a, Odile Frank, di ane kap vini la a genyen 2 milyon travayè enfekte kap twò malad pou y'al travay. Chif sa a, dapre sal' di, reprezante yon milyon 500 mil ouvriye an plis ki pral disparèt konpare ak estimasyon ane 1995 lan. Madan Frank ajoute vè 2015 se 4 milyon moun ki pral twò malad pou yo travay e ki pral oblije abandonen mache travay la. Odile Frank kontinue pou l' di si moun sa yo pa jwen tretman, alafen yo pral mouri apre yon long maladi e ya'p vinn ogmante kantite moun mond ouvriye a deja pèdi yo.

Oganizasyon Entènasyonal Travay la fè konnen pou etud sa a li te fè entèviou nan 50 peyi ak moun ki aje ant 15 a 64 tran e l' dekouvri majorite peyi kote moun enfekte ak virus VIH la e ap soufri ak maladi Sida a se sou kontinan afriken an. Etid la jwenn nan peyi sa yo maladi a chita plis nan mitan moun ki genyen ant 15 e 49 van yo. Rapò OIT a estime disparisyon ouvriye yo, nan faz kote yo plis kapab pwodui a, reprezante yon pèt 25 milya dola pa ane pou le mond.

Toujou selon rapò OIT a, se fanm yo ki peye plis konsekans maladi sida a. Plis jèn fanm ak jèn gason ap enfekte ak virus VIH sou kontinan an. An plis de sa, se fanm yo ki an premye liy nan bay swenyay lè gen yon manm fanmi yo ki tonbe malad. Sa vle di, lè yo genyen yon fanmi malad, yo oblije sispann aktivite travay la pou yo kapab pran swen li. Etid la ajoute sitiasyon sa a se yon gwo pwoblèm sou kontinan afriken an, kote se fanm yo ki plis travay tè. Lè yon fanm twò malad e pa kapab travay latè ankò, dapre etid la, se tout fanmi an ki nan soufrans paske vinn manke manje e sa ogmante mize yo.

Pou fini madam Frank di meyè kote pou yo konsyantize moun sou prevansyon kont maladi sida a, bay swen ak tretman se sou mache travay la. Li di genyen anpil konpayi li ka pran kòm ekzanp ki tire avantay lè yo ede anplwaye yo ki teste pozitif pou virus VIH la jwenn tretman, paske li koute chè anpil pou yo ranplase, anboche e fòme nouvo ouvriye. Madan Frank fè konnen pwogram swen ak tretman nan milyeu travay la se yon "reponse umen" pou pandemi VIH/Sida a. A kote sa, dapre madan Frank, anpil konpayi dekouvri pwogram sa yo se meyè mwayen pou yo kontinue fè pwofi e asire kwasans yo.

XS
SM
MD
LG