Accessibility links

Breaking News

Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann: Kòb sal, Lajan sal, Lajan pwès - 2004-07-06


Se vre lekòl fèmen, men anvan n' bat je n' talè konsa lekòk la ap retounen sou nou. Sila ki pase sètifika yo, lè lekòl la va louvri nan mwa septanm-nan, nou pral rantre nan segondè, kote pami anpil nouvo disiplinn nou pral genyen pou’n aprann genyen youn yo rele stilistik. Yo pral aprann nou sa yo rele “l’art de bien parler et de bien dire les choses”. E pou moun kap mande sa sa genyen pou wè ak Kreyòl Pale, map di yo poze san nou... e rale ti chèz nou pou n' koute. Yo te aprann mwen ke stilistik se aprann sèvi ak mo jis, mo ki nan plas yo e ki fè oditè yo wè tou suit sa ou vle di a. Enben, mwen reyalize nou genyen pwòp stilistik pa nou nan kreyòl la: Nou di “lap kanale desann (nou ka wè tou suit yon dlo kap desann nan yon kanal, yon rigòl); Li file kou yon koulèv lamadlèn; gade chimen an...ou ta di yon koulèv an tras; Fanm nan mache kou’w mabouya. Nou di bwòdè pase konpè pijon, pase konpè kòk. "Ah, msye fen kou zeu zwa ou ankò, nèg la bòzò tankou pan. Tout ekspresyon sa yo, se ekspresyon ki fè imaj, paske yo fè’n wè tou suit sa moun kap pale a vle di. Klike sou lyen anlè a pou n' tande segman sa a.

XS
SM
MD
LG