Accessibility links

Breaking News

Plas Relijyon Nan Vi Piblik Ozetazini (dezyèm pati) - 2004-07-01


Lakou Siprèm Etazini, kidonk pi gwo tribinal nan peyi a, te pwononse li nan dat 14 jen 2004, sou yon ka kote papa yon ti fi ki nan lekòl primè te mande pou yo wetire ekspresyon “Under God” (sou lòd Bondye) nan Sèman Fidelite pou Drapo nasyonal ameriken an, ann aglè nou di “Pledge of Allegiance.” Anpil deba suiv vèdik sa a. Gen moun kap mande ki avni relijyon, ki avni ekspresyon fwa yon moun nan vi piblik la.

Steven Rosenauer se yon Jwif ki soti Bradenton, nan eta Florid. Li di tout bagay depann de fwa moun nan. Li kwè pa gen yon tretman egal ego.

Li di fanmi an te resevwa kout telefòn anomim ak menas. Gen yon moun ki te di, “nou konnen kote nou abite, bann Jwif sa yo, e si ou pa sispann pwosè ou lanse a, kafe w’ ap koule ak ma!” Pandan fèt Pak jwif la ann Avril, yon enkoni te badijonnen pòt antre kay li ak baryè garaj li, ansanm ak yon kamyonnèt li, ak penti wouj, penti a luil.

Kwayan jwif sa a pami moun ki te temwaye, ki te fè depozisyon, devan Sena a nan Washington. Li di Gran Kò a ke fondatè patri amerikèn nan te vle pwoteje dwa minorite relijyez yo lè yo te konstwi yon swadizan ‘miray separasyon ant legliz ak leta’ nan manman lwa peyi-a. Li di manm ki eli nan komisyon skolè lokalite li a te meprize miray sila a lè yo te ouvè yon reyinyon paran ak yon priyè kretyen, Notre Père.

Roy Moore se yon ansyen jij Lakou Siprèm eta Alabama ki te temwaye tou devan senatè yo. Mèt Moore te pèdi plas li an 2003 apre li te twouve l’ nan sant yon konfwontasyon ak kòlèg li yo nan tribinal la ki pat’ dakò pou yon moniman ki gen 10 kòmandman yo rete andedan lokal la. Yon jij federal te pase lòd pou moniman an deplase paske, dapre li, se yon apui pou tradisyon jwif ak kretyen. Sepandan, ansyen jij Roy Moore site kèk mo Benjamin Franklin anvan Konvansyon Konstitisyonèl 1787 la, pou l’deklare se sou tradisyon jwif ak kretyen peyi Etazini te fonde.

Li di “men pawòl Benjamin Franklin te pwononse, ‘Jiskensi nou pa chache Papa tout Limyè yo pou eklere konpreyansyon nou.’ Ekspresyon Papa tout Limyè yo (Père des Lumières) soti nan Lèt Sen Jak la. Msye te di ankò, ‘menm yon ti kit, yon ti zwazo toupiti, paka sot’ tonbe san Li pa wè,’ li pran sa dirèkteman nan Levanjil Matye. Sètènman li te konn’ ki Bondye yo t’ap sèvi. Men li enpòtan pou nou tout ki la a (anpalan de Senatè yo ak envite yo) reyalize ke pawòl sa yo pa fè diskriminasyon kont fwa pyès lòt moun.”

Poutan, pou Melissa Rodgers, plase yon senbòl tradisyon judeo-kretyèn nan avidèy konsa nan lokal yon tribinal se yon diskriminasyon kont fwa lòt moun. Pwofesè Rodgers, se yon save nan dwa ki anseye nan Fakilte Divinite Inivèsite Wake Forest nan eta Kawolin di Nò.

XS
SM
MD
LG