Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Ansyen Premye Minis Yvon Neptune, Rann Tèt li bay Lapolis - 2004-06-29


Daprè manda la jistis te lanse dèyè msye Neptune nan, ansyen premye minis la fèt pou l reponn akizasyon deske li ta mele nan pliyzè zak ilegal (tankou asasina plizyè moun nan vil Sen-Mak, ak dife ki te boule anpil kay nan vil sa a) pou kraze rebelyon ki te finn ap ranvèse gouvènman prezidan Jean-Bertrand Aristide la. Misye Neptune rann tèt li bay lapolis dimanch e li twouve l kounyela a nan yon prizon nan kapital peyi a, Pòtoprens. Seri asasina yo lage sou do l la te dewoule nan dat 11 fevriye 2004 la, nan lokalite Lasiri, nan komunn Sen-Mak. Msye Neptune deklare li inosan, e se pou rezon politik yo lage akizasyon konsa sou do l --yon deklarasyon minis jistis ayisyen an, Bernard Gousse rejte. Daprè minis la, otorite yo pap fè ni plis ni mwens ke travay lalwa ba yo. Arestasyon msye Neptune nan rive kèk jou sèlman aprè Nasyon Zini te pase men pran kontwòl fòs mentyen lapè a nan peyi d’Ayiti.

Pou plis nouvèl ki fè aktyalite a ann Ayiti pou dat 28 jen 2004 la, klike sou lyen anlè atik sa a.

XS
SM
MD
LG