Accessibility links

Breaking News

Bush Nan L'OTAN: Demokrasi Se Garanti Sekirite Nasyon yo - 2004-06-29


Nan lokal yon inivèsite leta peyi Turki (Inivèsite Galatasaray), ak yon tanp mizilman (yon moske kòm background dèyè do li) lidè ameriken an fè lwanj pou sistèm demokrasi oksidantal yo, li kondane terorism, e li mande L’OTAN ouvè pòt li bay Turki. Msye Bush prezante La Turki kòm yon modèl ki pwouve yon peyi ka gen yon majorite mizilman ak yon sistèm demokratik e modèn.

Prezidan Bush bat bravo pou Turki daprèzavwa li gen yon rejim demokratik ki pratike tolerans relijyez, malgre pifò abitan n' yo se fidèl fwa islamik la. George W. Bush deklare nasyon islamik yo pa ta dwe pè pwogrè demokrasi, sitou nan MwayennOryan an.

Msye Bush rekonèt gen rejyon ki pa santi yo alèz ak pwomosyon ideyal demokratik tankou sa nou wè nan loksidan yo, men dapre li se enkonpreyansyon ki alabaz krent sa yo. Li fè konnen demokrasi ap bay nasyon yo plis sekirite. Akote tèm jeneral sa yo, ke msye Bush konn abitye mansyone deja, li lanse yon apèl pou Inyon Ewòp la aksepte Turki kòm manm paske li di Turki gen plas li nan kominote sila a.

Klike sou lyen anwo atik sa a si ou vle tande repòtaj sou diskou chèf deta ameriken an.

XS
SM
MD
LG