Prezidan pwovizwa ayisyen an, Boniface Alexandre, rive nan kapital federal amerikèn nan, Washington, D.C. nan kad 38tyèm festival kiltirèl anyèl mize Smithsonian Institution ap reyalize ane sa a avèk patisipasyon Ayiti alokazyon 200tyèm anivèsè endepandans peyi a. Anvan'l kite Ayiti, msye Alexandre te fè kèk deklarasyon pou lapress ke nou va tande nan repòtaj korespondan nou-an, Rotchild François Jr. E Rotchild fè n' konnen tou gouvènman an lanse apèl bay pati konsène yo pou yo nonmen yon dènye reprezantan nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a.