Accessibility links

Breaking News

Prezidan Boniface Alexandre Ap Vizite Washington, DC - 2004-06-22


Prezidan pwovizwa Ayiti a, Boniface Alexandre, rive Washington madi swa pou premye vizit li nan kapital amerikèn nan depi li te ranplase Jean-Bertrand Aristide sou pouvwa a nan kòmansman mwa mas 2004 la. Prezidan Alexandre te gen pou li rankontre jodi mèkredi a divès pèsonalite ofisyèl ameriken ak responsab nan L’OEA.

Msye Alexandre te pran lapawòl nan mitan jounen an nan inogirasyon gwo festival Smithsonian Institute òganize chak ane sou plas ki soti devan Kongrè a pou rive nan moniman George Washington nan, paske ane sa a se Ayiti ki nan sant festival la. Se yon omaj responsab Smithsonian yo rann peyi karayibeyen an nan okazyon 200 lane endepandans li. Prezidan ayisyen an gen pou li rankontre ak manm kominote ayisyèn Washington nan aswè anan anbasad Ayiti a.

XS
SM
MD
LG