Gouvènè eta Florid la deklare li ka pèmèt refijye ayisyen ki nan Florid yo rete ozetazini an atandan sitiyasyon an amelyore nan peyi yo. Pandan msye Bush tap pale ak jounal Miami Herald, li deklare li dispoze apiye lide pou otorite ameriken yo ofri yon stati tanporè pou Ayisyen kap fè fas ak depòtasyon yo. Sepandan, gouvènè a kontinye pou l di li ta renmen genyen plis detay sou dosye sa a. Frè gouvènè a (prezidan George Bush) te deja di li pa dakò pou yo bay ayisyen yo okenn stati pwoteksyon tanporè.
Gouvènè Florid la fè deklarasyon sa yo aprè yon vizit deksplorasyon li te fè mèkredi pase a, an Ayiti kote li te rankontre avèk premye minis pwovizwa a, Gerard Latortue, e lòt ofisyèl gouvènman an. Jeb Bush kontinye pou l di Miami Herald, anvan lotan li pral rankontre avèk lidè kominote ayisyèn nan ozetazini pou li kapab resevwa opinyon yo sou fason eta Florid kapab patisipe nan travay rekonstriksyon peyi dAyiti a.