Accessibility links

Breaking News

Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann:Granmoun, Vin Granmoun, Vye, Aje. - 2004-06-17


Yo panse yo pral kapab deplase lè yo vle, ale kote yo vle epi gen lajan pou yo depanse san yo pa genyen kont pou rann pèsonn. Pou yo, granmoun synonim libète.

Mwen granmoun, mwen fè sa m' vle. Ou pa gen anyen pou m' di m' ! Gen moun ki di “yo majè, yo vaksinen... yon ekspresyon ki vle di yo gran ase pou yo pran desizyon ak responsabilite. Se mwen, ki granmoun kay mwen, moun pap vinn pase m' lòd isit la. Mwen kwè gen yon ekspresyon franse ki di le charbonnier est maître chez-lui. ! Mo granmoun kreyòl, vle di vinn "adulte". Lè ou vinn “adulte", ou rive nan limit kwasans ou, nan limit fòmasyon ou. Ou finn grandi !!! Ou tounnen yon “grande personne”. Yon moun responsab ki sipoze distenge byen ak mal. Mwen di “sipoze”, paske gen gran moun ki pi iresponsab pase jèn moun. Sèl bagay ti moun yo pa janm reyalize, sè ke granmoun se koumansman vyeyès yo tou. Granmoun, se koumansman ti granmou ! Ekspresyon ti granmoun nan genyen 2 sans an kreyòl. Ekzanp:kote ou wè’l avèk grenn 3 zan' nan, se yon ti granmoun; wa entelijan pa ou. Li konprann tout bagay ! Nan ka sa a, mwen vle di ti moun nan eveye anpil pou laj li.

Sepandan, yon ti granmoun an jeneral e an kreyòl, se yon moun ki gen yon laj sèten! yon moun ki trè souvan gen difikilte pou li mache, e kap sikile ak baton. “Jodi a, mwen wè yon ti gran moun kap travèse lari a...se Bondye machinn pa frape l'. Mwen kwè fanmi l' pa ta dwe kite l' pran lari.” Kidonk, yon ti granmou se yon vieux, yon viellard, une vieille. Nan peyi Dayiti, yo rele yo lepè, lamè ou ankò ti lepè. Men, granmou tou an kreyòl gen sans eksperyans: Kreyòl la, di eksperyans granmoun nan, se nan sèvo l'. Lè Joseph Obas ou Philippe Vorbe, di w' men granmoun nan apre yo finn lage yon gòl nan filè Henri Francillon, sa yo vle di se eksperyans kap aji.

Konsa tou piblik la nan stad la kapab rele Obas, ba l' granmoun nan, si lap choute yon kou fran ou byen yon penalite sou gadyen an. Na ka sa a, sa yo mande Obas se ba m'sye gwo chout li te gen renome pou li a...ba li kou de gras la.

Alèkile ni Obas, ni mwen menm pa kapab bay okenn gadyen “granmoun nan”. Nou twò aje, nou gen twòp laj, nou twò granmoun pou sa. Kote nou ye jodi a, nou santin n' granmoun nan tout kò nou. Rete, map’ di nan tout kò n'. Non, nou granmoun jouk kò n' fè’n mal !

Se te Kreyòl Pale, Kreyòl konprann yon segman Lavvwadlamerik, Jacques Jean-Baptiste pwopoze’n.

XS
SM
MD
LG