Accessibility links

Breaking News

Eske Gen Yon Ostilite Vizavi Relijyon Nan Vi Piblik Ozetazini? - 2004-06-17


Nan dat 14 jen 2004, pi gwo tribinal ameriken an, Lakou Siprèm, te bay yon vèdik ki pèmèt elèv lekòl leta nan peyi Etazini konsève dwa yo genyen pou yo resite Sèman Fidelite pou Drapo nasyonal la, sa angle a rele “Pledge of Allegiance,” malgre tèks sa a rele Etazini “yon nasyon sou lòd Bondye,” e, pakonsekan, li rekonèt egzistans yon èt siprèm.

2 lane anvan sa, yon tribinal nan eta Kalifòni te fè konnen lè elèv resite sèman pou drapo a nan lekòl ke lajan taks pèp la ap finanse se kòmsi gouvènman an te apiye yon relijyon, sa ki pa konfòm ak manman-lwa peyi a, Konstitisyon an. Kou Siprèm nan di ate ki te parèt ak plent la devan majistra yo, kidonk yon nèg ki pa kwè gen Bondye, pat gen dwa fè sa nan non pitit fi li puiske msye pat gen otorizasyon lajistis pou li okipe ti fi sa a.

Apre vèdik la, anpil analiz te fèt. Se vre li pa wetire dwa pou moun resite Sèman Fidelite a, men paske majistra yo te baze desizyon yo sou yon rezon teknik senpman, gen sektè ki gen kè-sote e k’ap mande si pa gen jiskaprezan yon sèten ostilite vizavi relijyon nan vi piblik peyi a.

Klike sou lyen ki anwo atik sa a pou w'ka tande tout repòtaj la okonplè.

XS
SM
MD
LG