Accessibility links

Breaking News

Kreyòl-Pale: Sezon, Peryòd, Epòk... - 2004-06-17


Anfen, prentan an rive nan emisfè nò a e kwè’m si n' vle, li te lè li te tan. Apre 3 mwa fredi manch long(gen moun ki ta di 6), sezon flè, lapli ak solèy la rive... e nou di mèsi ! Talè konsa, se mwa’d me a kap antre sou nou...epi Jen, epi grann vakans ete yo. Menm jan yo fè’l sou plant ak pye bwa, sezon yo ekzèse anpil enfliyans sou nou; yo afekte konpòtman ak état d’âme nou. Nan sezon fredi, moun kapab kagou, tris, anchimè ou akaryat ! E nan prentan, sèten lòt santi yo kontan, "heureux" e yo anvi viv. Konsa tou, genyen lòt ki trè mizerab akòz alèji kap trakase yo. An’n Ayiti, nou pa tèlman konstate chanjman sezon yo, paske peyi nou an chita nan yon zòn twopikal. Sa pa anpeche ke nou rankontre sèten ekspresyon nan lang kreyòl nou an ki mache ak sezon yo. Grann mwen te toujou di “moun ki ba ou konsèy achte chwal plenn nan sezon lapli, pa ede ou nouri l' nan sezon sèk. Yon pwovèb ki di’n se pa tout swadizan avantay yo ofri n' pou n' kouri pran l', paske pi devan nou kapab regrèt sa. Aktuèlman, nan anpil rejyon peyi a, se sezon “plante”. Moun ap plante mayi 5 mwa ki va bon pou sezon vakans lan; Byen ke gen moun ki prefere plante mayi 3 mwa ak mayi alizèn ki, anvan ou bat je ou, bon pou rekòt. Gen kote kap plante pwa kongo, ki va donnen vè mwa novanm ak Desanm. Nou pale tou de sezon zaboka, sezon mango, sezon melon. Nou di sezon, paske se nan epòk sa a nou rankontre fwi ak pwodui sa yo. Kidonk, sezon kapab genyen sans epòk. Souvan kiltivatè ayisyen yo pale de bon ak move sezon pou sitiye yon evènman kèlkonk ki te make yo ou afekte kominote yo. Sezon karèm:sezon kawòt, bètrav, sadin ak lanmori. Sezon pwa koni, sezon pwa kongo, sezon mayi boukannen elatriye, pa senpleman fè’n wè konnen nan ki faz, nan ki mwa nou ye nan ane a; men yo ka synonym tou de peryòd: tankou sezon malmouton, la woujòl, saranpyon ak malaria. Nou ka ajoute sezon rekòt, sezon lapli, sezon kominyon. Men mwen pa genyen yon ekspresyon kreyòl ki tradui pi byen karaktè pasaje sezon yo. Lè yo aplike l' pou yon kretyen vivan li souliyen karaktè enkonstan moun nan. Ah, ou wè nonm Jacques la, se yon lè li sou ou e yon lòt lè li pa sou bò yo. Msye, se yon flè a sezon! Se te Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann, yon segman Lavwadlamerik avèk Jacques Jean-Baptiste.

XS
SM
MD
LG