“Hartford Project” se yon projè pilòt imigrasyon Etazini ki mande pou yo sere boulon mounn kap viv ozetazini san bonjan dokiman imigrasyon. Sanble objektif projè sa-a se redwi sou kantite moun ki meprize lòd yo resevwa pou yo tounen nan peyi yo. Avoka imigrasyon Carlo Jean-Joseph ap ba nou plis detay nan yon entèvyou avèk Ronald Cesar.