Yon responsab nan gouvènman peyi dAyiti a fè konnen otorite yo ap travay seryezman pou yo amelyore relasyon peyi a avèk eta manm CARICOM yo --relasyon ki deteryore depi ranvèsman gouvènman Aristide la. Korespondan nan Pòtoprens Rotchild François Junior gen deklarasyon chèf diplomasi ayisyèn nan sou dosye sila a.