Prezidan Bush ansanm ak madanm ni rekeyi yo devan sèkey misyié Reagan nan aprè Msye Bush te kité éta Jorji koté l tap patisipe nan somè G-8-la.
Nan seremoni ofisyièl ki te fet mèkredi swa an prezans manb fanmi Reagan nan ak plizyè diyitè, vis-prezidan Dick Cheney te palé de misyé Reagan kom on éro ki te mété fen nan péryòd gè frèt la.
Sèkèy prezidan Reagan ap rété nan lokal kongrè a jiska deroulman sèvis finérè a vandredi nan Katedral nasyonal Washington nan. Yap antéré misyé Reagan nan jounen vandredi a lè solèy kouche nan kad yon seremoni privé sou teren bibliotèk prezidansyièl ki poté non li an nan éta Kalifoni. Lidè ak diyitè ki te soti a travè le mond genyen pou yo patisipé nan seremoni funeray ansien prezidan amériken Ronald Reagan vandredi 11 jen an.
Pami lidè ki pral prezan nan fineray la nou kapab sité premye minis britanik la Tony Blair, premye minis provizwa ayisyen an Gérard Latortue, shanselyié alman an Gerhard Schroeder, prezidan Afghanistan an Hamid Karzai, premyie minis italien an Silvio Berlusconi ak prezidan sud afriken an Thabo Mbeki.
Tou lè 4 ansien prezidan amériken ki toujou vivan yo: Gerald Ford, Jimmy Carter, George H. W. Bush ak Bill Clinton pral prezan tou nan sèvis funeray prezidan Reagan nan ki pral deroulé nan Katedral nasional la nan Washington.
Plizyè lidè étranjé ki te o pouvwa nan menm épok ak prézidan Reagan ap prezan tou nan fineray la; pami yo genyen ansyen prezidan sovietik Mikhail Gorbachev, ak ansien premyié minist britanik Margaret Thatcher.
Prezidan George Bush ak papa l, ki te vis-prezidan sou gouvènman Reagan nan pral pwononsé orézon funèb misyié Reagan nan.