Accessibility links

Ki Moun Defen Prezidan Ronald Reagan te ye? - 2004-06-07


Ansyen Prezidan Ameriken Ronald Reagan Mouri Samdi 5 jen 2004 la a 93 an. Nan mwad fevriye 1911, Ronald Wilson Reagan te pran nesans nan vil Tampico, nan eta Illinoi. Li te grandi nan rejyon sant peyi a e karyè li te long e varye. Li te kwonikèspòtif, aktè sinema, pòt-pawòl mouvman konsèvatè, gouvènè Kalifòni e finalman prezidan Etazini apre li te bat Jimmy Carter nan eleksyon 80 yo.

An 1988, yon jounalis te poze l kesyon sou popularite li. Msye Reagan te reponn,“tankou n’tande, sa m’li nan lèt moun poste voye ban mwen ak sa mwen tande nan bouch moun lè mwen kite Washington, sèke yon fwa ankò, yo fyè pou yo Ameriken. E si mwen te jwe yon wòl nan kreye fyète sa a, se sa ki rann mwen mwenm pi fyè toujou.

Ronald Reagan te pwovoke anpil kontwovès, anpil kritik, men jiska lanmò li e menm apre, li te rete lidè ameriken ki te pi popilè depi apre dezyèm gè mondyal la.

Nan yon pwoklamasyon misye Bush fè parèt nan okazyon lanmò ansyen prezidan Reagan nan, li di prezidan Reagan te travay pou fè kòz libète ak demokrasi avanse an favè plizyè milyon moun ki tap viv nan fè nwa e anba rejim kraze zo.

Msye Bush di,“ Li kite dèyè yon peyi ke li te restore ak yon mond ke konkou l te ede sove. Sou gouvènman prezidan Reagan nan, Lèzetazini mete fen nan yon epòk divizyon kote moun te gen doutn nan tèt yo. E, gras a lidèchip li, lemond rive mete fen nan yon epòk lapèrèz avèk tirani.

Jodi Lendi a make kòmansman yon seri seremoni ak aktivite kote pèp ameriken an pral sonje ansyen prezidan Ronald Reagan --seremoni ak aktivite ki pral dure yon semèn. Pa egzanp, jodiya, manm fanmi an ak otorite yo deplase depouy funèb la --ki te lakay defen an, nan eta Kalifòni-- pou yo al mete li nan Bibliyotèk Reagan nan, nan vil Simi Valey, toujou nan Kalifòni.

Yo pral ekspoze kadav la nan Bibliyotèk la pandan 2 jou, kote piblik la va kapab ale rann 40e. prezidan Lèzetazini an yon dènye omaj. Antèman Ronald Reagan pral dewoule isit Washington vandredi pwochen, yon jou prezidan Bush dekrete “jou dèy nasyonal o Zetazini.”

XS
SM
MD
LG