Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Ronald Reagan Mouri Samdi  5 Jen an  Nan Eta  Kalifòni. - 2004-06-06


Prezidan George W. Bush, kap fè yon vizit sou kontinan ewopeyen an pou make 60'yèm anivèsè debakman twoup alye yo nan Normandie ( an France pandan 2zyèm Gè mondyal la ), deklare "lanmò msye Reagan nan se yon jou tris pou Etazini". M'sye Bush di "se yon moman tris nan lavi nasyon an lè yon gran ameriken rive nan bout lavi li". "Li kite dèyè yon nasyon li te remete kanpe sou 2 pye l' ansanm ak yon mond li te ede sove. Pandan ane prezidan Reagan te pase sou pouvwa a, Etazini te koupe fache ak yon peryòd divizyon e ak yon peryòd dout nan li menm. E gras ak lidèchip li te ekzèse, lemond te koupe fache ak yon peryòd laperèz e ak yon epòk tirani. Pandan nap pare'n kounye a pou'n mete'l nan tè, nou di tout moun mèsi". Deklarasyon prezidan George W.Bush.

M'sye Bush voye kondoleyans li bay fanmi ansyen prezidan Ronald Reagan--espesyalman, bay madanm defen an, Nancy Reagan; pitit li yo: Michael, Ron ak Patti Davis ki te lakay papa yo lè nouvèl lanmò ansyen dirijan ameriken an tonbe a 1 è apre midi samdi 5 jen an sou kòt Pasifik la--4 trè sou kòt Nò-ès Etazini an. Michael, pitit gason premye maryaj m'sye Reagan nan, ki pat la te rive an'n apre. Ronald Reagan ki tap soufri ak maladi Alzheimer mouri anba konplikasyon yon nemoni.

Sou lòd prezidan George W. Bush, responsab ameriken yo monte drapo etwale a demi-ma sou tèt palè prezidansyèl la--Maison Blanche lan--e sou tout lòt edifis federal nan peyi a. Drapo a va rete mwatye-ma pandan 30 jou. Nan stad kote yo tap jwe bezbòl, baskètball ak lòt spò, atlèt yo te obsève yon moman silans.

Nan mwa novanm 1994, 5 an apre l' te remèt prezidans lan, Ronald Reagan, 40 tyèm prezidan Etazini an, te anonse lap soufri ak maladi Alzheimer--yon maladi ki pa gen tretman e ki detwi piti piti selil sevo viktim nan. M'sye Reagan, gran kominikatè a (jan press ameriken an te konn rele ansyen chef Maison Blanche lan) te deklare jou sa sa a li "tanmen vwayaj ki va mennen l' kote solèy lavi li pral' kouche a".

Nouvèl yo fè konnen yo transpòte kadav defen prezidan an nan bibliyotèk e mize Ronald Reagan nan Simi Valley a, nan Eta Kaliforni. De la, y'a transpòte l' nan lokal Palman an, nan Washington, D.C., kapital federal Etazini, kote yo dwe ekspoze l' anba dom Kapitol la anvan fineray ofisyèl li nan Katedral Nasyonal la. Obsèvatè yo atann aske anpil lidè, chèf gouvènman ak dEta etranje vinn asiste antèman defen prezidan ameriken an. Apre lantèman an, yo va transpòte depouy mòtèl la nan bibliyotèk msye Reangan nan (Eta Kaliforni) kote yo dwe antere li.

M'sye Ronald Reagan te pase 2 manda nan tèt peyi Etazini (1981-1989); Analis politik yo ba'l kredi kòm lidè ki te refè eskanp (figi) konsèvatè Pati Repibliken an e ki ranpòte lagè frèt la sou L'Union Soviétique ak satelit kominis Ewòp de Lès li yo. Men nan konpetisyon fawouch sa a ak lòt gwo sipèpisans lan, li te miltipliye pa 3 defisi bidjè peyi a.

Margareth Thatcher--premye minis Grande-Bretagne pandan ane Reagan yo Ozetazini--deklare samdi:Ronald Reagan, plis pase okenn lòt dirijan, gen dwa bat lestomak li e deklare se li ki te ranpòte nan lagè frèt la pou libète ka fleri...e l' te fè l' san tire yon kout fizi avèk advèsè a.

M'sye Reagan te pran nesans 6 fevriye 1911. Li te gen 93 zan.

XS
SM
MD
LG