Accessibility links

Breaking News

Lapli Kap Tonbe Ankò Sou Rejyon Sidès Ayiti Ap Jennen Travay Sekouris yo. - 2004-05-30


Lapli ki rekoumanse tonbe sou rejyon sidès Ayiti ak pati sidwès Repiblik Dominikèn ap nui travay sekouris kap eseye rive nan bouk ak vilaj inodasyon ak lavalas labou lendi pase a ravaje e koupe ak rès peyi a. Travayè sekou entènasyonal, ansanm ak twoup ameriken e kanadyen yo, ap charye dlo pwòp ak medikaman pou plizyè vilaj ki toujou inonde anba plizyè mèt kib dlo. Mil moun, pou pi piti, pèdi lavi yo nan inondasyon ki frape brid sou kou bouk Mapou, Grand-gosier ak rès komin Belle-Anse lendi pase a. Ajans lokal yo atann aske bilan viktim yo monte pi wo toujou, ofiramezi y'ap dekouvri nouvo kadav. 7 jou apre katastwòf la, sekouris yo koumanse pèd espwa pou yo jwenn moun vivan toujou.

Ekip durjans yo ap demele yo (anvan l' twò ta) kou mèt Jan-Jak pou eseye ranmase kadav kap dekonpoze pou evite yo kontamine sous ak pui moun itilize pou pran dlo e simaye vye move maladi.

Otorite yo nan Repiblik Dominikèn di yo pral flite dezenfektan pa avyon sou vil Jimani, pa lòt bò fwontyè a, pou anpeche epidemi maladi eklate.

Sekretè dEta ameriken an, Colin Powell, te deklare vandredi Lèzetazini pral fè tout sa k' posib pou l' pote viktim yo konkou. Chèf diplomasi ameriken an endike ajans ameriken èd pou devlopman an (USAID) ap etidye ki meyè mwayen li kapab stoke pwovizyon ak materyèl sekou tankou: manje, medikaman ak dra an plastik nan 2 peyi yo.

Anbasadè ameriken ann Ayiti ak nan Repiblik Dominikèn nan pote yo chak yon kontribisyon 50 mil dola nan fon durjans lokal yo pou ede operasyon sekou a kontinye.

XS
SM
MD
LG