Accessibility links

Breaking News

Ayiti mande Asistans Kominote Entènasyonal la Anfavè Sinistre Fonds-Verettes yo. - 2004-05-27


Sekouris kontinye ap fouye e chèche anba debri gravye-fatra-wòch ak labou pou wè si yo ta dekouvri lòt viktim lavalas dlo lapli ki pran lavi omwens 860 kretyen-vivan, dapre nouvo estimasyon yo. Inondasyon an frape lendi rejyon sidès ak sidwès Ayiti ak Repiblik Dominikèn, kote li touye moun, kraze jaden e pati ak tout bèt gadinay abitan li jwenn sou wout li. Responsab ayisyen yo fè konnen yo dekouvri 200 nouvo kadav-sa ki mete kantite viktim yo ann Ayiti a 450. Nan Repiblik Domikèn otorite yo konfime 417 kadav, san konte moun ki pa reponn alapèl yo. Responsab ayisyen sèvis Pwoteksyon Sivil nan rejyon sidès la, Margareth Martin, di nan Mapou--yon lòt ti bouk nan kanton an-- yo dekouvri 300 kadav e'l ajoute genyen plizyè santèn lòt abitan moun pa konnen kote yo pase. Pou kounye, a bilan pwovizwa a se 867 mô, men chif sa a kapab ogmante nan jounen 27 me a e nan jou kap vini yo.

Nan peyi panyòl, otorite yo ap antere kadav viktim yo san paran yo pa gen okazyon ou chans idantifye yo akòz eta dekonpozisyon avanse yo. Yo di se pou evite yon epidemi maladi eklate nan rejyon--yon bagay ki ta kapab vinn mete abse sou klou popilasyon an ki deja nan soufrans. Nan peyi dAyiti, twoup stablilizasyon miltinasyonal Lèzetazini ap kòmande yo ap ede responsab yo nan domèn sekou a. Yo debake nan elikoptè avèk dlo ak pwovizyon pou ayisyen yo ki nan yon sitiasyon dezespere.

Kounye a, ale sou lyen anlè a pou'n tande avèk Rotchild François Jr. sa dirijan ayisyen yo ap fè pou ede reskape yo fè fas ak sitiasyon an apre dezas la.

NB: Rotchild te voye korespondans sa a ba nou anvan nouvo bilan 450 mò yo resanse nan peyi dAyiti yo.

XS
SM
MD
LG