Accessibility links

Breaking News

Pentagòn nan Anonse Lap Rapatriye Marine Ameriken yo Anvan Fen Mwa Jen an - 2004-05-27


Brigadye jeneral David Rodriguez--manm Fòs dEta Majò lame ameriken an--fè konnen yon fòs mentyen lapè Nasyonzini pral koumanse pran pozisyon ann Ayiti semen kap vini an.

Dapre jeneral Rodriguez, apre yon brèf period tranzisyon, fòs l'Onu yo pral pran relèv marine yo kap rantre lakay yo.

"Fòs ki pral ranplase marines yo dwe rive nan koumansman mwa jen an e se li ki pral tanmen tranzisyon an kap demare nan debu jen an... e tout marine yo ap retounen Ozetazuni anvan fen mwa jen an... amwenske genyen yon evènman enpòtan ki vinn chanje sitiasyon an."

Gen milnèfsan (1.900) marine Ayiti nan kad fòs miltinasyonal pwovizwa Etazini ap kòmande a. Yo te debake nan fen fevriye a ann Ayiti apre yon rebelyon politik te pouse prezidan peyi a bay demisyon l’ e pran chimen ekzil. Pami eleman ki konpoze twoup sa yo, nou jwenn kanadyen, chilyen ak franse.

Sekretè jeneral Nasyonzini an, Kofi Annan, di fòs ranplasman an pral gen milsètsan (6.700) pèsonèl militè e misyon li se ranplase twoup mentyen lapè pwovizwa yo nan mwa jen kap vinn la a.

XS
SM
MD
LG