Accessibility links

Breaking News

Konvansyon Katolik Ayisyen nan Seaton Hall U. - 2004-05-27


Katolik Ayisyen ki soti toupatou ozetazini e nan peyi Kanada kase randevou nan eta New Jersey, pou yon konvansyon apostola ayisyen bò isit la òganize chak ane.

Soeur Marcelle ap travay ak òganizatè Konvansyon an, Monsenyè Guy Sansaricq, e li di nou weekend nan pral santre sou tèm Lafanmi Poto Mitan Sosyete a. Oratè prensipal: Achevèk François Gaillot, ki te anonse retrèt li sa pa gen lontan.

Monsenyè Guy Sansaricq, ki te yon envite plizyè fwa deja nan Paj Relijyon an, toujou ensiste sou nesesite pou legliz chache ranfòse baz enstitisyon familyal la, kòm garanti siksè li ak pwogrè sosyete kote legliz la ap evolye a.

Soeur Marcelle lanse yon apèl prese prese bay tout Ayisyen pa bò isit pou yo non sèlman soutni jan de rasanbleman sa yo men tou pou, nan nivo pa yo chak, yo travay pou chanje reyalite tris fanmi yo ap viv alèkile.

XS
SM
MD
LG