Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lidè Fwon Rezistans Ame a, Guy Philippe, Denonse Prezans Fòs Miltasyonal la Nan Peyi a. - 2004-05-19


Pandan yon manifestasyon ansyen sòlda lame dAyiti ak Fwon Rezistans Ame a òganize pou komemore 201nyèm anivèsè kreasyon drapo ayisyen an, madi 18 me 2004 la, msye Philippe-lidè gwoup Fwon Rezistans Ame ki te deklanche rebelyon ki jete ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide sou pouvwa a-denonse prezans fòs etranje yo li di ki pap regle anyen Ayiti kote ensekirite a blayi pi rèd, dapre deklarasyons li.

Mr.Guy Philippe ajoute "se yon wont pou 200 zan apre pwoklamasyon endepandans la gen sòlda etranje sou tè Jean-Jacques Dessalines nan". (1)

Yon repòtaj Duc Jonathan Joseph, korespondan Sèvis Kreyòl Lavwad'lamerik la nan vil Gonayiv.

(1) Jeneral Jean-Jacques Dessalines se ansyen esklav nwa ki te pwoklame endepandans Saint-Domingue-ansyen tèritwa La France nan rejyon Karayib la-premye janvye 1804 sou non Ayiti.

XS
SM
MD
LG