Accessibility links

Breaking News

Pap Jan-Pòl II Gen 84 An Jodi  Madi a - 2004-05-18


Chèf Legliz Katolik Womèn nan, Pap Jan-Pòl II, ap fete 84èm anivèsè li jodi madi 18 me a. Vatikan pa anonse okenn seremoni espesyal, men li pwofite okazyon sa a pou li pibliye nouvo liv kote Pap la rakonte istwa lavi li.

Se klè ke Pap la febli fizikman e l'ap mache rive nan fen pontifika li. Sètènman l'ap fè mezi l’ka fè men se pa menm bagay ditou ak sa n’te ka wè 5 ou 10 zan de sa. Vrèman vre, kounye a, Jan Pòl II pa mache e li difisil pou moun dechifre pawòl li yo, tou sa akòz maladi Parkinson. Malgre tou, li kontinye prezide seremoni byen long nan Vatikan e, sa ki siprann anpil obsèvatè, li anonse yon vizit nan peyi Lasuis nan kèk semèn la a, pou li rankontre jèn katolik yo. Se premye misyon pastoral Lepap ap fè pou ane 2004 la. Si ou vle tande plis repòtaj sou relijyon an jeneral, koute nou chak jedi nan pwogram inè edmi an.

XS
SM
MD
LG