Men minis jistis la, Bernard Gousse, di sou plan sekirite gen amelyorasyon depi yo mete plis patwouy CIMO nan lari. Antretan, premye minis Latortue, apre yon semèn vire-won Ozetazini ak sou kontinan ewopeyen an, retounen Ayiti. Wakim Exumé, direktè enfòmasyon Radyo Magic Stereo, ap fè yon rale-kase sou deklarasyon sa yo nan mikwo responsab edisyon vendredi apre midi a 14 me a, Ronald César.