Anbasadè ameriken an ann Ayiti James Foley anonse Lèzetazini pral lanse, nan tèt kole ak gouvènman ayisyen an, yon pwogram pou kreye anpil djòb nan katye popilè ki toupre kapital la e nan kèk vil pwovens. Korespondan nou Rotchild François Junior gen detay depi Pòtoprens.
Pandanstan, Oganizasyon Eta Ameriken yo OEA fè konnen diplomat David Lee ap kite pòs reprezantan sekretè jeneral òganizasyon an nan peyi dAyiti. Yon lòt kote, nan Gonayiv, presyon ap fèt kote kèk moun ap mande pou otorite yo mete fijitif Jean Tatoune nan prizon.
Nouvèl ki sòti nan Kap-Ayisyen fè konnen yon gwoup moun fè manifestasyon pou pwoteste kont nominasyon yon direktè la dwan.
Epi ann Afrik di sid, gouvènman an anonse li akòde yon azil tanporè bay ansyen prezidan ayisyen Jean-Bertrand Aristide.