Accessibility links

Breaking News

Otorite Ayisyen yo Arete “Sò Anne,” yon Gwo Patizan Ansyen Prezidan Aristide - 2004-05-10


Lapolis peyi dayiti arete madam Annette Auguste ke yo rele-tou “sò Anne” ki se younn nan moun ki te responsab ko-òdinasyon òganizasyon popilè Lavalas yo sou rejim prezidan Aristide la. Li anba akizasyon dèske l te patisipe nan move zak sou rejim Aristide la. Yon lòt kote, anbasadè ameriken an ann Ayiti James Foley lanse apèl pou pati Lavalas la patisipe nan pwosesis elektoral la e pou l voye reprezantan l nan konsèy elektoral pwovizwa a. Sinon, pwosesis la ap avanse san lavalas. Korespondan nou Rotchild Francois Junior gen detay.

XS
SM
MD
LG