Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Latortue Rankontre Prezidan Bush nan Washington - 2004-05-07


Premye Minis ayisyen an Gérard Latortue mete fen nan yon vizit li t'ap fè isit Washington apre li fin rankontre ak gwo zotobre nan administrasyon Bush la, pami yo Prezidan Bush li-menm, epi Sekretè deta Colin Powell ak manm Kongrè ameriken-an. Nan yon rankont ak kominote ayisyèn nan yè swa nan anbasad Ayiti a, chèf gouvènman ayisyen an pat' bay detay sou chita-tande li te genyen ak lidè ameriken an. Msye Latortue espere vizit Washington nan kapab kontribye nan refè imaj peyi d Ayiti apre leve-kanpe ame ki te debouche sou demisyon ak egzil ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide.

Pandan vire-won Gérard Latortue yo li rankontre responsab enstitisyon finansye entènasyonal yo, yon fason pou li te wè si responsab yo kapab debloke asistans finansye Ayiti bezwen pou li relanse ekonomi li ki an degraba. Msye Latortue, ki pran angajman pou l'òganize eleksyon disi ane 2 mil 5, renouvle konfyans li plase nan manm gouvènman n' nan.

Sekretè deta ameriken an, Colin Powell, te deklare Etazini ap fè tout efò posib pou l' ede Ayiti travèse enpas difisil kote l'twouve l' kounye a.

Msye Latortue retounen an Ayiti jodi a. Li gen pou li retounen Ozetazini pou yon rankont ak gouvènè Florid la Jeb Bush, ak Sekretè Jeneral l’ONU an Kofi Annan, avan li mete tèt pou la Frans ak la Bèljik semèn pwochèn nan.

XS
SM
MD
LG