Plizyè sitwayen ameriken ki pa gen pitit konn enterese adopte yon ti mounn nan yon etranje, ann Ayiti par ekzanp. Ou kapab adopte yon mounn kòm pitit ou prèske a tout laj. Sepandan, pou sa k konsène imigrasyon Ozetazini, donk si w ta vle antre pitit adoptif la, li pa fèt pou l depase yon sèten laj. Ameriken ki adopte yon ti moun a letranje, ap genyen pou yo satisfè kèk ekzijans nan peyi kote yap adopte ti nmoun nan, e ozetazini tou. Isit ozetazini genyen sa yo rele “Home study”, sètadi responsab ameriken yo ap bezwen konnen si ou gen ase espas lakay ou pou w eberje pitit adoptif la. Ki fòmalite ki fèt pou ranpli lè sitwayen ameriken ap chèche antre pitit adoptif yo ozetazini? Se sa Ronald César pral wè nan “Justice USA” ak avoka Jonathan Saint-Preux depi New Jersey.