Nan tan nap viv kounye a, anpil moun itilize tout kalte trik pou yo kapab viv ou pran avantay sou tout sa’k bliye kò yo. Wi, tout sa’k bliye kò !! Ekspresyon sa a, si nou pa konnen li vle di: moun nayif, moun kè nan men ki kite zòt "dòmi" sou yo. Dòmi sou yon moun se “profiter de" li. Se ba l' yon boulòk, yon manti pou' w pran nan men l' ou pou l' ba ou yon bagay li posede. Gen moun ki rele sa “kase ponyèt"! Nan peyi Dayiti yo rele moun ki kite moun dòmi sou yo “tèt chòv”. Sa pa vle di vrèman tèt viktim nan chòv tout bon, ni ke l' soufri de yon kèlkonk “alopécie” ni de yon quelconque “calvitie avancée”, pou m' anplwaye yon langaj savan ect.
Klike sou lyen anlè a pou ou tande segman madi 3 me a.