Accessibility links

Breaking News

Nèg Ak Zam Atake Samdi Kèk  Sib Nan Yanbu, nan Arabie Saoudite: Plizyè Moun Mouri nan Atanta a—Pami yo, Sitwayen Ameriken - 2004-05-01


Eleman ame tire e touye plizyè moun samdi—pami yo, omwen 2 ameriken--nan yon atak nan yon zòn komèsyal nan nò Arabi Saoudite. Anbasad Etazini nan wayòm wahabit la konfime lanmò resòtisan ameriken yo. Dapre diplomat oksidantal yo gen sitwayen britanik ak ostralyen ki mouri tou nan atak la.

Zak vyolans sa a eklate nan vil YANBU, tou pre Lanmè Wouj la, ki sou yon distans 150 kilomèt ak vil Jeddah. Yon kominike ministè enteryè saoudyen an pibliye di 4 nèg ak zam antre nan yon magazen nan Yanbu e tonbe tire tribòbabò sou saoudyen ak etranje ki te nan antrepriz komèsyal la. Kominike a kontinye pou l’ di omwens 4 nan bandi yo pèdi lavi yo pandan ajan sekirite tap rapousib yo e gen yon lòt otorite yo arete. Sèten nouvèl rapòte youn nan asayan yo ki te genyen eksplozif sou li sote tèt li. Otorite saoudyen yo pa di kiyès ki responsab atak la ni okenn gwoup poko rele pou revandike l' non plis.

Depi ane 2003 Arabie Saoudite ap fè fas ak yon vag vyolans militan entegris islamik yo. 21 Avril pase a, yon machinn pyeje sote nan vil Riyadh:5 moun mouri e 150 lòt blese. An me 2003, 8 ameriken te pèdi lavi yo nan eksplozyon yon konplèks abitasyon nan Riyadh. 34 kretyen-vivan an tou te peri nan atanta sa a.

XS
SM
MD
LG