Accessibility links

Breaking News

Se Ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide ki Anpeche Fanmi Lavalas Voye Reprezantan li nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a. - 2004-05-01


Ansyen manm mouvman politik Fanmi Lavalas e èks senatè Dany Toussaint akize prezidan dechi Jean-Bertrand Aristide dèske se li ki anpeche Pati a voye reprezantan l' nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pou fòmasyon enstitisyon an ki responsab prepare, òganize e sipèvize eleksyon nan peyi dAyiti. Msye Toussaint fè deklarasyon sa a nan moman dat limit 30 avril gouvènman pwovizwa ayisyen an te bay Lavalas pou'l voye reprezantan l' nan Enstitisyon elektoral la rive nan bout li. Fanmi Lavalas di li pap nonmen manm pa l' la e l' pa pral' nan eleksyon akòz zak entimidasyon ak pèsekisyon li di patizan l' yo "viktim" atravè peyi a.

XS
SM
MD
LG