Anbasadè gouvènman ameriken an ann Ayiti mande pati Fanmi Lavalas la pou li nonmen reprezantan n' nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou òganizasyon eleksyon yo kapab vanse. Korespondan nou Rotchild François jr. di nou demand sa a fèt pandan Anbasadè James B. Foley tap pran lapawòl devan Chanm Komès Ayisyano-Ameriken an, madi swa toupre kapital la.