Accessibility links

Breaking News

Plizyè Douzèn Sivil  Ak  9 Sòlda Ameriken  Mouri Nan yon Seri Atak Nan Irak (UPDATE) - 2004-04-24


Rebèl Irakyen yo deklanche yon vag atak atravè Irak ki touye 9 sòda Koalisyon an ak 30 sivil irakyen. 2 maren ameriken fè pati viktim yo apre yon atak kamikaz pa bato kont kèk tèminal petwolye nan Gòlf Pèsik la. Eleman kap lite kont prezans fòs etranje yo nan Irak lanse wokèt tou samdi sou yon baz Koalisyon an nan vil Taji ki sou yon distans 20 kilomèt o nò kapital Irakyen an, Bagdad.

Bridaye jeneral ameriken Mark Kimmitt di plizyè sòlda peri nan atak la. Jeneral la di « Nou genyen 4 sòlda ki mouri ak 6 lòt ki blese nan batay. Rapò yo endike youn nan sòlda yo mouri akòz blese li te resevwa ; kidonk, kantite viktim yo, pou le moman, se 5 mô ak 6 blese »--sèten nan youn eta grav

Jeneral Kimmitt ajoute negosyasyon yo ap rapousuiv avèk irakyen twoup ameriken yo ansèkle nan bastion mizilman sunnit arab Fallujah a, men li fè remake se nan yon sèl kan yo fè pwogrè e l' kontinue pou l' di "yon ti ponyen jiskoboutis kenbe popilasyon Fallujah ann otaj”.

Yon lòt kote, yon bonm ki eksploze arebò yon otowout touye 14 irakyen kite abò yon otobis, dapre sa responsab yon lopital fè konnen. Atak sa a dewoule 50 kilomèt o sid vil Bagdad pandan otobis la, ki ta pral nan kapital la, tap sikile devan yon konvwa militè ameriken. Menm samdi 24 avril la, yon seri "mòtye" tonbe sou yon kay ak yon mache piblik nan vil SADR---yon katye Bagdad kote majorite moun yo se mizilman Chiyit. Responsab lopital lokal yo di omwens 6 irakyen mouri nan atak yo.

Lapolis nan Irak anonse tou 2 sòlda ameriken pèdi lavi yo apre yon wokèt t'al tonbe sou konvwa yo tou pre vil Kut, ki sou yon distans 150 kilometers osid kapital la, Bagdad. 2 dènye viktim sa yo mete kantite militè ameriken ki mouri depi yè samdi a nan Irak. Nan vil TIKRIT--vil Saddam Hussein te pran nesans la--yon kamikaz sote tèt li ak yon machinn boure eksplozif tou pre yon baz militè ameriken. 9 irakyen pèdi lavi yo nan eksplozyon-suisid sa a. Pèsonn pa konnen gwoup ki lotè atak sa yo. Anfen, premye minis Ostrali a, John Edwards, vizite jodi dimanch lan kontenjan sòlda ostralyen ki fè pati Koalisyon an nan Irak.

(Sources voanews.com English-Worldwide)

XS
SM
MD
LG