Accessibility links

Breaking News

Analiz Tewolojyen Leslie Moïse  sou Pasyon Kris la - 2004-04-24


Gen anpil kritik ki fèt sou film Mel Gibson fèk sot' mete deyò a, anpalan de Passion of the Christ, oubyen Pasyon Kris la. Gen, pa egzanp, Doktè Samuele Bacchiocchi ki kouri ak Gibson poutèt film nan pa respekte plizyè pwen nan istwa Pasyon ki nan Bib la. Epitou, gen moun ki di pwodiksyon sa a twò Katolik, kidonk li gen fòs-kote. Ki sa ki vre nan tout sa?

Nou analize kritik sa yo e nou fè yon ti analiz film Mel Gibson nan nan dezyèm e dènye segman ti koze Paj Relijyon VOA a, ak Pastè Leslie Moïse, yon tewolojyen ki diplome nan Andrews University (Berrien Springs, Michigan) e k'ap dirije kongregasyon advantis nwa ameriken Liberty, nan vil Baltimore, nan eta Maryland.

XS
SM
MD
LG