Accessibility links

Breaking News

Yon Responsab Nasyonzini Di Yon Kriz Alimantè Menase Ayiti - 2004-04-20


James Morris, ki se Direktè PAM (Pwogram Alimantè Mondyal la) lanse yon anmwe sekou bay kominote entènasyonal la, pou li prese debouse plis kòb pou pèmèt peyi d Ayiti evite kriz manje sa a.

Direktè Morris fè konnen Ayiti bezwen asistans finansyè sa a san pèdi tan, pou anpeche gen plis timoun kwachyòkò ak plis grangou nan fanmi ki malere yo. Msye Morris se premye gwo responsab yon depatman nan L'ONU ki vizite Ayiti depi latwoublay ki te debouche sou dechoukaj rejim Jean-Bertrand Aristide la, 29 fevriye pase a.

Dapre deklarasyon chèf PAM nan fè, ajans sa a resevwa yon tikras plis pase 3 milyon edmi dola nan men 5 peyi donatè, pou finanse yon pwogram asistans alimantè ijan pou 8 mwa, kidonk mwens ke yon tyè kantite lajan ki nesesè.

PAM di pwogram ni an vle bay manje pou nouri 140.000 fanm ansent ak ti nouris, ti bebe mwens ke twazan, òfelen ak moun ki gen SIDA oubyen jèm VIH ki bay SIDA a. PAM ede 373.000 lòt ayisyen ak pwogram manje sa a.

Tankou direktè ajans Nasyonzini an di li, Ayiti soti sou ekran rada media entènasyonal yo depi Aristide fin pèdi pouvwa a. Sepandan peyi a gen anpil pwoblèm e li bezwen konkou prese prese.

XS
SM
MD
LG