Accessibility links

Breaking News

Finalman Ayiti Gen Domèn Pa l' Sou Entènèt la - 2004-04-20


Nan mitan mwa me pwochen an, responsab ayisyen yo pral kòmanse vann domèn entènèt .ht a (Pwen H-T) ke yo genyen finalman apre anpil demach. Tankou nou konnen li, akote domèn moun plis itilize yo tankou .com, .org, .net, chak peyi andwa posede pwòp domèn pa li.

Konsa, Lafrans genyen .fr, Kanada gen .ca, Vatikan gen .va, Brezil gen .br, elatriye. Finalman, Ayiti antre nan won an e se ak anpil satisfaksyon sektè teknoloji a akeyi nouvèl sa a nan Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG