Accessibility links

Breaking News

Pwogram Otorizasyon Travay Tanporè Prezidan Bush te Anonse an Janvye 2004 la Poko Antre ann Aplikasyon - 2004-04-13


Kèk otorite nan gouvènman Bush la te prezante nan kongrè a, sa pa gen lontan, kote yo te pale de plan prezidan Bush genyen pou l parèt ak yon pwogram kap pèmèt etranje kou imigran san dokiman ozetazini travay tanporèman nan peyi a.

Kongrè Etazini an ap genyen pou l pase lwa konsènan plan Msye Bush la avan pou l antre ann aplikasyon. Obsèvatè ki konnen kijan kongrè a fonksyone deklare yo te deja atann yo aske pwosesis la pran yon ti tan avan pou pwogram nan demare. Nan yon entèvyou nou fè ak avoka imigrasyon Fritz Saintiny ki nan New York, li di nou sanble kongrè a ap ret’ tann lamezon blanch voye pwopozisyon an ba li sou papye. Avoka Saintiny ajoute enterese yo fèt pou yo kontinye swiv pou wè kilè inisyative prezidan Bush pral tounen reyalite.

XS
SM
MD
LG