Accessibility links

Breaking News

Brezil Pral Voye 1.500 Sòlda an n Ayiti - 2004-04-10


Minis defans peyi Brezil la, José Viegas, deklare gouvènman n' nan pral voye anviwon 1.500 sòlda nan yon misyon lapè an n Ayiti, apati de mwa Jiyè ane sa a.

Minis Viegas ajoute ke Brezil se youn nan peyi ki kandida pou pran kòmandman misyon lapè L'ONU an nan peyi a lè sa a.

Toujou dapre deklarasyon responsab Brezilyen an, gen lòt peyi nan Amerik Latin nan, tankou Ajantin, Chili ak Pewou, ki ofri pou yo patisipe nan misyon an.

Konsèy Sekirite Nasyonzini an te bay otorizasyon pou yon fòs ki sou lobedyans Ameriken rete an n Ayiti pou 90 jou, apre sa se yon fòs L'ONU ki va ranplase li. Kounye a genyen sòlda ameriken, kanadyen, chilyen ak brezilyen nan peyi d Ayiti.

Twoup sa yo te kòmanse debake nan dat premye mas pase a, apre 3 semèn rebelyon ame ak mobilizasyon popilè te jwenn ak gwo presyon entènasyonal pou deboulonnen lidè Lavalas la, Jean Bertrand Aristide, sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG