Accessibility links

Breaking News

Minis Defans Franse a Pral Vizite Ayiti Semèn Pwochèn - 2004-04-08


Nouvèl ki soti nan kapital ayisyèn nan fè konnen Minis Defans peyi Lafrans la, Madam Michèle Alliot-Marie, pral vizite Ayiti 15 avril pwochen an. Nan vizit sa a, Minis la va gen pou li pase yon ti moman ak twoup franse ki nan Fòs Milti-Nasyonal la epi fè chita-tande ak responsab nan gouvènman tranzisyon an. Pandansetan, sòlda Franse yo kontinye ap chache e sezi zam ilegal nan kèk rejyon, pa egzanp nan Depatman Latibonit. Klike sou lyen ki nan tèt atik sa a pou w'ka tande detay nouvèl sa yo ak korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild François, Jr. e korespondan nou nan Gonayiv, D. Jonathan Joseph.

XS
SM
MD
LG