Responsab militè ameriken yo anonse omwens yon douzèn "marines" sanble mouri nan yon atak eleman anti-koalisyon yo lanse sou pozisyon twoup ameriken yo nan vil Ramadi nan nuit madi 6 avril la. Devlopman sa a rive apre yon jounen akwochay pasi-pala ant militè ameriken ak milisyen chiyit yo nan diferan rejyon Irak. Yon santè irakyen, pou pi piti, ta peri tou nan 3 jou batay pi malouk ki dewoule depi plizyè mwa nan peyi a. Menm madi a, nan vil Bagdad, fòs ameriken yo antre nan lese-frape ak milisyen fidèl ak lidè relijye chiyit Moktada al-Sadr yo kap reklame pou twoup okipasyon yo abandonen zòn peple yo. Si patizan lidè relijye a sèmante y'ap kontinye batay la, administratè ameriken nan Irak la, Paul Bremer, osi detèmine pou l' mete anba kòd e jije lidè mizilman an ke Etazini deklare òlalwa.
Lèzetazini trennen Al Sadr devan lajistis pou asasinay yon lòt lidè chiyit rival ane pase. Msye Bremer deklare:"mwen ba n' asirans nap trenen li devan lajistis".
Batay eklate tou nan bouk ak vil ki nan sud Irak ant milisyen chiyit ak fòs ameriken yo. Sitiasyon rebelyon sa a riske louvri yon nouvo fwon nan Irak, mwenske 3 mwa anvan otorite ameriken yo remèt pèp irakyen an pouvwa a. Militè ameriken yo te tanmen tou madi yon operasyon yo batize nan vil Fallujah, nan lwès Bagdad. Militè ameriken yo te fè pati yon unite "marines" ki tap boukle bastyon sunit la nan kad yon koukouwouj yo lage dèyè moun ki responsab lanmô 4 sivil ameriken semèn pase a.Msye Bremer di "nap fini pa jwenn teworis yo e nou pral rezoud pwoblèm nan".
Estratèj militè ameriken yo ap anvizaje si yo dwe mande Washington ranfò siplemantè pou ede twoup ki sou teren an "mate" pi move akwochay y'ap konfwonte depi fen gwo operasyon militè yo, sa gen preske 1 an. Malgre prezidan George W. Bush deklare li pap retounen sou dat 30 jen li fikse pou Lèzetazini remèt pèp irakyen an jestyon peyi li, gen moun nan Washington ki koumanse ap mande eske Washington kapab respekte dat sa a si kalte vyolans malouk sa a ap kontinue.