Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Chèf Diplomasi Ameriken an, Colin Powell, Rankontre ak Responsab Gouvènman Pwovizwa a. - 2004-04-05


Nan kad premye vizit m'sye Colin Powell fè nan peyi dAyiti depi l nan pòs sekretè deta Etazini an, chèf diplomasi ameriken an rejte apèl CARICOM te lanse pou mande L'ONU mennen ankèt sou demisyon ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide la. Yon lòt kote, Ajans nouvèl “Associated Press” fè konnen m'sye Powell sanble ta mande premye minis Gérard Latortue pa mete okenn pami rebèl ayisyen yo nan gouvènman li an, paske yo ta komèt zak kriminèl e vyole dwa zimen. Sekretè dEta Colin Powell te rankontre tou ak kòmandan fòs miltinasyonal Lèzetazini ap dirije nan peyi dAyiti a anvan l te retounen menm jou lendi 5 avril la nan Washington. Korespondan nou, Rotchild Francois Jr., prepare yon repòtaj sou sijè sa a depi kapital Ayiti a, Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG