Accessibility links

Breaking News

Yon Avoka Venezuelyen Mande Tribinal Penal Entènasyonal Lahè a (nan Pays-Bas) Louvri  Ankèt Sou Gouvènman Prezidan Hugo Chavez la. - 2004-04-01


Mèt Alfredo Romero, ki depoze plent lan mekredi di lap aji nan non plis yon senkantèn fanmi moun yo te maspinen, fè sibi abi seksyèl e asasinen. Msye Romero presize swadizan abi yo se zak yo komèt pou "rezon politik".

Misyon Tribinal Penal Entènasyonal la, TPE (an franse, TPI) se tande akizasyon krim lagè ak krim kont limanite, lè tribinal peyi akize yo pa kapab tande plent viktim yo.

Opozisyon venezuelyen an ak gwoup kap defann dwa moun yo kritike gouvènman msye Chavez la poutèt li te utilize fòs ki pat nesesè pou anpeche plizyè mach ki te dewoule apre tantativ koudeta ane 2002 a.

Anpil moun te pèdi lavi yo nan afwontman ki te mete fas pou fas manifestan opozisyon an, patizan msye Chavez ak fòs sekirite venezuelyen yo.

Yon lòt kote, Opozisyon an akize prezidan Chavez deske lap eseye fè Venezuela tounen yon Eta kominis menm jan ak systèm kominis Fidel Castro tabli nan Kiba a.

Prezidan Hugo Chavez reponn pou di : "li senpleman ap chèche amelyore lavi majorite pòv la nan Venezuela".

XS
SM
MD
LG