Accessibility links

Breaking News

Imigran Latino Ameriken e Karayibeyen yo Voye Plis Pase 38 Milya Dola nan Peyi yo Pandan ane 2003 a. - 2004-03-29


BEAD-BID di transfè sa yo pwobableman pral kontinye ogmante akòz chomaj nan Amerik Di Sid ak Amerik Santral la, e akòz demann pou travayè imigran ki ekziste nan peyi endistriyalize yo. Bank Entè Ameriken Devlopman an endike nan 38 milya imigran yo voye lakay yo ane pase sa a, apeprè 30 milya te sòti Ozetazini. Enstititisyon Entènasyonal la ajoute imigran ki sòt nan peyi Meksik te fè plis pase yon tyè nan transfè sa yo. Apeprè 20 milyon fanmi nan Amerik Latin ak Karayib la te benefisye kontribisyon sa a. Bank Entè Ameriken Devlopman an di enstitisyon bankè ak bayè de fon yo ta dwe fè plis efò pou bese pri frè yo reklame pou transfere lajan aletranje, e yo ta dwe founi pè e mè de fami ki pap fè anpil kòb yo yon meyè sèvis finansye. Rapò BEAD la chita sou enfòmasyon li ranmase nan 22 peyi.

XS
SM
MD
LG