Accessibility links

CARICOM Toujou Pa Rekonèt Gouvènman Pwovizwa Ayisyen an. - 2004-03-28


Pou CARICOM, pouvwa nan Pòtoprens lan pat ta dwe pran okenn mezi pou bay eleman sa yo lejitimite. Òganizasyon rejonal la relanse apèl li te voye bay Nasyon Zini pou mandel’ louvri yon ankèt sou sikonstans ki te antoure depar ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide sou pouvwa a. Semèn pase, msye Latortue te sispann patisipasyon Ayiti nan CARICOM e’l te konvoke nan Pòtoprens anbasadè ayisyen nan Jamayik la pou pwoteste kont prezans msye Aristide nan peyi sa a.

Gen apeprè yon mwa, msye Aristide te bay demisyon li kòm prezidan e ale nan Repiblik Santr’Afrik, kote li te jwenn yon azil tanporè, anvan l’ te pran avyon pou Jamayik. Ansyen dirijan ayisyen an akize peyi Etazini te "fòse l' kite pouvwa a”--yon aksyon li kalifye kòm yon “koudeta modèn”. Washington demanti ak tout fòs akizasyon sa a. Yon lòt kote, samdi lapolis nan Lasalinn (yon bidonvil tou pre kapital Ayiti a, Pòtoprens) ranmase yon ti kantite zam nan men patizan msye Aristide yo. Malgre apèl fòs miltasyonal ki nan peyi karayibeyen an, se kèlke douzen zam ilegal sèlman ni patizan ni opozan Aristide yo remèt otorite yo.

Vendredi, minis jistis la, Bernard Gousee, te anonse li pral entèdi 37 responsab nan ansyen gouvènman Aristide la kite tèritwa ayisyen an. Pami yo, nou jwenn èks premye minis Yvon Neptune; ansyen chèf polis Nasyonal la, Jocelyne Pierre ak Vénel Joseph, ansyen prezidan Bank Santral Ayisyen an.

XS
SM
MD
LG