Bernard Gousse, aktyèl minis jistis la, di mezi sa-a se yon « police d’assurance » gouvènman an pran pou asire ansyen responsab sa yo va rete an’n Ayiti aladispozisyon lajistis nan kad pwochen envestigasyon leta konte louvri sou fason yo te administre afè nasyon an. M’sye Gousse ajoute ankèt yo pral kouvri swadizan iregilarite ansyen fonksyonè rejim Lavalas la te komèt pandan administrasyon ki bout 29 fevriye 2004 la avèk demisyon prezidan Jean-Bertrand Aristide sou pouvwa a. Pami ansyen responsab ki pa gen dwa kite tèritwa ayisyen an, nou jwenn ansyen premye minis Yvon Neptune ak ansyen chèf polis Nasyonal la, Jocelyne Pierre. M'sye Neptune di li pa gen entansyon kite Ayiti, malgre menas-- li pa presize ni orijinn ni tip menas-- li fè konnen li resevwa yo. Lòt ansyen responsab nouvo otorite yo mande pa kite tèritwa ayisyen an, se Vénel Joseph, ansyen prezidan Bank Santral Ayisyen an.
Yon lòt kote, minis eksteryè Lafrans la, Dominique De Villepin, ap tanmen yon vizit semèn kap vini an ann’Ayiti. Yon pòtpawòl ministè afè eksteryè franse a, Hervé Ladsous, presize msye De Villepin pral fè chita-pale ak nouvo responsab gouvènman ayisyen an e evalye relasyon ant 2 peyi yo.