Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Senatè Lavalas Danny Toussaint Demisyone - 2004-03-23


Senatè Danny Toussaint anonse li bay demisyon ni ofisyèlman nan yon lèt li voye bay prezidan Sena konteste a, Yvon Feuillé. Danny Toussaint fè konnen li pap tounen sou desizyon sa a e li pral kontake ansyen kòlèg li yo nan Gran Kò a pou lòt aksyon ki ta nesesè.

Danny Toussaint te riske vi li lè li te pran pozisyon piblikman kont ex-Prezidan Jean-Bertrand Aristide nan plizyè deklarasyon li te fè nan laprès. Nan youn ladan yo li te mande kareman pou lidè Lavalas la obeyi volonte pèp la ak kominote entènasyonal la oubyen kite pouvwa a. Anvan rebelyon ame a te deklannche nan Latibonit, Senatè Toussaint te predi pral gen sipriz pou pouvwa Lavalas la. Sepandan, non li pat site nan mouvman ame a e li pat' parèt sou sèn nan pazavan depa Msye Aristide, 29 fevriye 2004 la, lè li te lanse yon "appel au calme" nan Pétion-Ville.

Danny Toussaint se youn nan moun lajistis te entèwoje nan dosye asasina jounalis Jean L. Dominique, nan lane 2000., yon dosye ki ouvè jiskaprezan. Msye Toussaint toujou demanti akizasyon yo mete sou do l' nan zafè sila a.

XS
SM
MD
LG