Accessibility links

Breaking News

Minis Enteryè Ayiti a Deklare Lame Gen Pou Li Retabli - 2004-03-23


Dapre korespondan nou nan Gonayiv, Duc Jonathan Joseph, Jeneral Hérard Abraham, ki se Minis Enteryè, Sekirite Piblik ak Kolektivite Teritoryal nan Kabinè Premye Minis Gérard Latortue a, te jwenn yon reyaksyon trè favorab bò kote ansyen manm FAD'H yo nan Latibonit lè li te deklare lame gen pou li repran plas li nan sosyete a. 9 lane apre Jean-Bertrand Aristide te demantibile enstitisyon militè a, san pat gen chanjman nan manman-lwa peyi a pou kore desizyon sa a, Jeneral Abraham di yon komisyon ap travay sou dosye a, pou lame retabli ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG